Translate

domingo, 19 de julio de 2020

C.D.A: 35 REKOT KAFE NAN SEVIS BONDYE AK NAN LEGLIZ LA



Jodya se  3e dimanch nan mwa  jiye a. Yon 3e dimanch ki pa tankou tout lot  3e dimanch tradisyonel yo. 

Chorale Choeur des Anges de la Paroisse Saint Jean-Baptiste du Tou-du-Nord, Diocese de Fort-Liberte,  est en fete.  

Nap di Bondye mesi pou prezans li nan lavi Koral la pandan 35 lane sa yo nan sevis evangelizasyon pep li a. M ap di Bondye mesi paske Vokasyon m kom misyone relijye nan ministe sasedotal la pran nesans anndan koral sa. Pratikman tout zanmi jenes mwen yo, apre kondisip lekol yo, se la m rankontre yo, se la nou grandi ansanm. Anpil bon souvni ak anpil bel kado nan devloman m kom moun, se la m te jwenn yo. Se la tou m te komanse dekouvri epi aprofoondi bon jsn zanmitay sk bon jan relasyon ak Bondye. Se pou sa Chœur des Anges se SOUS kote angajman misyone m gemen epi pran rasin.

Jodya CDA, Koral pa m nan, m ap swete w Bon Fet 35e Rekot Kafe sa ak anpil lajwa nan ke m, menm si sikonstans aktyel yo pa pemet nou selebre fet la an granpanpan. Men nou kontan kanmenm pou jou sa nou we a. Se pou sa map ini vwa pa m ak vwa tout Ansyen ak Nouvo Manb koral la, ansanm ak tou sila yo ki epapiye pou dives rezon, ansanm ak tout sila yo ki pran devan nou nan Wayom Granmet la, Defen nou yo,  pou n CHANTE glwa pou Bondye san rete. Se pou Sen Jan Batis, Patron Pawas nou an, kontinye entesede pou nou pou n rete fidel nan Misyon Jezi Granmet la konfye nou an.

#Happy 35th Anniversay, CDA. #Feliz trigésimo quinto aniversario, CDA. #Heureux 35e anniversaire, CDA. #Bonne Fete, CDA. #Bonne Trou-du-Nord.

Centro Betania/Ceprocobe te desea Feliz Aniversario.

Se pou Bondye Granmet kontinye kenbe nou djanm nan sevis li ak nan sevis pep li a.

#CDA, servir et non être servi. #Nap bagay bagay yo !

Si w vle chante glwa pou Bondye ansanm ak nou, klike isit la : CDA#35chanteglwapouBondye

Ou kap reviv lanmes 35e lan isit la:     CDA35eMesse#1   CDA35eMesse#VideoHymne CDA




No hay comentarios:

Publicar un comentario

CEPROCOBE AGRADECE SUS COMENTARIOS. EN TIEMPO OPORTUNO, NOS PONDREMOS EN CONTACTO CON UD.